Mete Non Itilizatè a la a pou konplete Sondaj sou Sante Kominote a:

NYC Community Health Banner

Enfòmasyon sou Sondaj sou Sante Kominote a

Sondaj sou Sante Kominote (Community Health Survey, CHS) NYC a se yon sondaj yo fè chak ane sou 10,000 moun k ap viv nan Vil Nouyòk ke yo seleksyone owaza. Se Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil Nouyòk (New York City Department of Health and Mental Hygiene) ki dirije l.

Sondaj la ede Depatman Sante a:

  • Swiv sante moun k ap viv nan vil Nouyòk yo
  • Gide desizyon sou pwogram sante yo
  • Konprann kijan diferan konpòtman ka afekte sante yon moun
  • Sipòte inisyativ sou politik sante yo

CHS bay Depatman Sante a yon pi bon lide pou yo evalye a ki pwen maladi yo, COVID-19 ladan tou, ak faktè risk yo, rive onivo katye yo, minisipalite yo ak vil yo.

Nou seleksyone patisipan yo owaza apati yon lis ki gen tout adrès ki disponib nan toulè senk minisipalite yo.

Si yo te seleksyone ou pou fè pati Sondaj sou Sante Kominote a epi ou aksepte patisipe, w ap jwe yon gwo wòl nan reprezante katye w, minisipalite w ak Vil Nouyòk la yon fason jeneral. Patisipasyon w volontè epi tout repons ou yo ap konfidansyèl.

Abt Associates, yon òganizasyon rechèch nasyonal, aktyèlman ap kolekte done Sondaj sou Sante Kominote a pou Depatman Sante.


Enfòmasyon sou Etid la

Fich Enfòmasyon (PDF)


Kisa Sondaj sou Sante Kominote Vil Nouyòk la ye? Ki enfòmasyon sondaj la pral mande m?

Sondaj sou Sante Kominote Vil Nouyòk la pral poze w kesyon sou sante w ak pratik sante w ki gen ladan, enpak ijans sante piblik COVID-19 la. Patisipasyon w volontè. Ou ka sote nenpòt kesyon oswa kanpe sondaj la nenpòt lè. Sepandan, lè w reponn tout kesyon yo, sa ap ede Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil Nouyòk la (New York City Department of Health and Mental Hygiene) pi byen desèvi moun kap viv nan vil Nouyòk yo.

Èske mwen ka konplete sondaj la nan lòt fason ki pa sou Entènèt?

Si w ta renmen mande yon vèsyon papye sondaj la oswa ou pito konplete sondaj la nan telefòn, ou ka rele 833-574-3096 epi mande yo voye youn atravè lapòs pou ou oswa fikse yon lè pou konplete l nan telefòn.

Sondaj la disponib tou nan lang panyòl, chinwa, ris, bengali ak kreyòl ayisyen. Itilize meni dewoulan ki sou anlè paj sa a pou jwenn enfòmasyon sou sondaj la nan lang sa yo.

Èske w poze kesyon pèsonèl?

Anpil nan kesyon yo se sou sante pèsonèl. Byenke gen kèk moun ki twouve gen kèk repons ki difisil pou pataje, nou pa gen okenn lòt mwayen pou n konnen si gen yon pwoblèm ki egziste san nou pa poze kesyon sou li. Repons konfidansyèl ou yo ede Depatman Sante NYC konprann ak adrese bezwen sante ki genyen nan NYC.

Kiyès nan kay mwen ki ta dwe patisipe nan sondaj la?

Nou mande pou adilt (ki gen laj 18 lane oswa plis) ki nan kay ou e ki pral gen pwochen dat fèt la patisipe nan sondaj la. Sa asire nou jwenn opinyon ki soti nan yon gwoup moun kap viv nan vil Nouyòk ki divèsifye. Fason sa a pou chwazi moun owaza a ede asire rezilta sondaj la reflete tout moun kap viv nan vil Nouyòk yo.

Kijan ou te jwenn adrès mwen?

Yo te chwazi adrès ou owaza pami tout adrès rezidansyèl ki nan NYC yo.

Kijan map fè konnen sa a se yon sondaj ofisyèl Depatman Sante NYC?

Ou kapab ale sou nyc.gov/health/nycsurveys pou jwenn plis enfòmasyon sou sondaj la. Ou kapab kontakte founisè ki gen kontra avè nou an tou, Abt Associates nan 646-490-2091 oswa nycchs@abtassoc.com pou asire sondaj la ofisyèl. Si w gen nenpòt kesyon sou sondaj sa a oswa sou rezilta sondaj la, ou ka rele Jesyonè Pwojè Depatman Sante Vil Nouyòk la nan 347-396-2882. Nou pap vann anyen ni nou pap mande lajan.

Èske enfòmasyon mwen yo konfidansyèl? Èske vi prive mwen ap pwoteje?

Y ap jere enfòmasyon w yo yon fason ki sekirize. Si w pa vle patisipe nan sondaj la, sa pap afekte benefis oumenm oswa fanmi w resevwa nan men nenpòt ajans gouvènmantal. Nou pa poze kesyon sou sitwayènte w ni sou estati legal ou.

Repons ou yo nan sondaj la konfidansyèl. Nap pwoteje vi prive w nan tout mezi lalwa mande sa. Yo pa ka itilize repons ou yo nan pwosedi jidisyè federal, leta oswa lokal san konsantman w. Nou paka bay pèsòn ki pa enplike nan sondaj la repons ou yo san pèmisyon w, sof si lalwa pèmèt sa.

Konsèy Revizyon Enstitisyonèl Depatman Sante NYC (NYC Health Department's Institutional Review Board), ki pwoteje dwa patisipan nan sondaj la, te revize e apwouve sondaj sa a tou. Pou kontakte Konsèy Revizyon Enstitisyonèl la, rele 347-396-6118.

Konbyen tan sondaj la ap pran?

Sondaj la ap pran anviwon 25 minit pou konplete.

Poukisa adrès retou ki sou anvlòp la sitiye nan Massachusetts?

Abt Associates, òganizasyon rechèch ki gen kontra pou prelve done sondaj la pou Depatman Sante Vil Nouyòk la, trete tout kourye pou pwojè a nan biwo li nan Cambridge, Massachusetts.

Kijan yap peye m pou patisipasyon mwen nan sondaj la?

Apre w fin patisipe nan sondaj la, nap voye yon kat kado elektwonik Visa pou $25 sou adrès imèl ou bannou a nan youn oswa de jou ouvrab. Si ou vle, ou ka bannou adrès postal ou epi Abt Associates ap voye yon kat kado Visa $25 ba ou atravè lapòs nan de a kat semèn.


Lèt Envitasyon pou Etid la

Lèt Envitasyon (PDF)



Kontakte Nou

Liy asistans telefonik pou etid la: 833-574-3096
Imèl etid la: nycchs@abtassoc.com
Kesyon sou tès san: 347-396-4202
Sitwèb Depatman Sante: nyc.gov/health/nycsurveys


NYC Health
Abt Associates